Fanm mwen...

 


Fanm mwen

Lanati fè W ekstraòdinè

Ou pata ka pa bèl

Lanmou NOU fleri

Wi, fleri

Tankou yon flè, lanmou boujonnen tout anndanm pou ou

M pap di ke m renmen W plis ke tèt mwen paske san Ou

Moun mwen ye a pa egziste

M egziste

Paske W fè kè m plen

Wi, Ou fè kè m plen

Ou fèl plen ak lanmou

M pou Ou

Mèsi paske W fè m egziste

Lanmou NOU kreye bèlte

Fanm mwen

© Copyright Yvenson Jules

Randy is a Blogger, Webmaster and he's interested to science computing.
whatsapp

إرسال تعليق